Konsènan MMHP

Maine Mobil Health Program se yon sant sante kominotè e se sèl òganizasyon travayè sante nan eta nou an. Modèl kolaborasyon nou an enplike nan moun ki pote angajman pou fè yon diferans nan lavi travayè agrikòl nan Maine yo. Nan ede travayè agrikòl yo jwenn swen ak resous, nou vize diminye inegalite ki gen nan sante ak inegalite nan aksè pou moun k ap travay nan endistri sa a. Mete fwi ak legim sou TOUT tab nou yo se pa sèlman travay enpòtan; li fè enpak pozitivman sou sante kolektif nou an.

Antite sa a resevwa finansman Pwogram Sant Sante HRSA seksyon 42 U.S.C. S245b epi yo te konsidere kòm yon anplwaye Sèvis Sante Piblik pou rezon sèten pwoteksyon responsablite, ki gen ladann kouvèti Lwa Federal sou Reklamasyon Defans, seksyon 42 U.S.C. S233(g)-(n).

Misyon nou

Misyon nou se pou amelyore eta sante travayè sezonye Maine yo ak fanmi yo nan bay swen ak sèvis ki kiltirèlman apwopriye.

Pasyan nou yo

Migran ak travayè agrikòl sezon (MSFWs) se youn nan popilasyon ki pi envizib nan peyi nou an. Eta sante moun sa yo (MSFWs) souvan konpwomèt akòz de efò fizik ke nati travay y’ap fè a mande, potansyèlman viv nan move kondisyon, aksè limite oubyen zewo aksè ak swen, ak izolasyon jeyografik. Pifò moun ya so (MSFWs) ap viv anba liy povrete a, mank asirans sante, eksperyans entèripsyon nan swen medikal yo, epi yo ka pa gen aksè a dwa / pwogram akòz de estati imigrasyon yo. Moun sa yo (MSFWs) tou fè fas a yon mank de sèvis kiltirèl ak lengwistik ki apwopriye epi yo ka pa abitye avèk sistèm sante lokal la oswa lòt resous.

Nan fè fas ak defi ak baryè sa yo, travayè agrikòl yo fleksib. Yo kontribye nan lavi ak sante nou pa sèlman nan travay nan rekòlte fwi ak legim nou yo, men tou, nan prezans yo nan kominote nou yo. Nan MMHP objektif nou yo gen ladan fè travayè agrikòl yo santi yo byenveni nan Maine pou osi lontan ke yo isit la, sipòte yo nan adrese bezwen swen sante yo, ak travay pou chanje sistèm swen sante a ki souvan inyore ak rejte travayè agrikòl ak lòt travayè sezonye yo.

Sèvis nou yo

Nou ofri sante mobil, sante konpòtmantal, ak swen pou pasyan nan kan travayè agrikòl yo ak lòt reglaj kominotè atravè tout eta a. MMHP jere plis pase 50 sit kontra pou konplete swen mobil lan, epi li ofri transpò, entèpretasyon, ak sèvis kowòdinasyon swen pou konekte pasyan ak founisè swen kominotè yo. Pou maksimize aksè, inite mobil nou yo ak ajan sante kominotè nou yo vwayaje nan tout eta a pou sipòte travayè nan mitil, pòm, ze, pye bwa abdenwèl/kouròn de nwèl, plante pyebwa, ak rekòt bwokoli. Nou sipòte tou travayè k ap viv nan Maine pandan tout ane a ki ap travay nan pwodui letye, mitil, akwakilti, ak pwosesis fwidemè.

MMHP angaje nan swen konplè epi li ofri edikasyon sou lasante ak sèvis sante pou travayè agrikòl ak pwosesè fwidemè sou pwoblèm sante kle tankou sekirite pestisid, tansyon wo ak depresyon. Travayè sante kominotè nou yo ak founisè sante konpòtmantal nou yo pale Panyòl, Kreyòl Ayisyen, ak patwa Jamayiken pou satisfè bezwen lengwistik fèmye Maine yo. Nou ofri tou referans a lòt ajans ki sipòte bezwen travayè agrikòl yo.

Pwogram Sante Mobil de Maine kolabore pandan tout ane a ak travayè agrikòl, kiltivatè, òganizasyon lokal, ak lòt founisè swen prensipal pou diminye inegalite nan sante epi yo ofri migran ak travayè agrikòl sezonye Maine yo meyè aksè pou pran swen posib. MMHP ap chèche ogmante patenarya li yo ak kominote kiltivatè nan Maine pou asire ke sèvis nou yo rive jwenn tout kominote travayè agrikòl nan Maine.

Lèt pou kominote nou sou kont-rasis

Chè Manm Kominote,

Nou vle remesye moun ki travay di pou mete manje sou tab nou. Travayè agrikòl yo ak moun ki travay nan pwodwi ki soti nan lanmè yo te toujou yon sektè ki enpòtan pou fè avanse ekonomi nou epi lavi nou. Nou wè w, nou apresye w, epi nou remesye w.

Nou vle w konnen ke MMHP konnen sistèm rasis la egziste pou tout bon nan sosyete nou an.

Rasis enfekte fondasyon sosyete nou an.

Nou konprann nou gen anpil pou’n aprann; nou komanse ak pròp patisipasyon pa nou nan anndan òganizasyon nou an chanjman sa yo – sa genyen yon regade règleman ak fason pou determine ki chanjman nou bezwen fè pou konbat rasis nan tout fòm yo.

Pandan nou fè chanjman sa yo, nou tap renmen tande kisa’w panse.

Objektif nou an se founi yon refij pou ou kòm yon pasyan epi kòm yon moun.

Nou la kòm patnè w pou tande w epi aprann nan men w pandan nap edike tèt nou sou kijan nou kapab pote chanjman nan kominote nou pou rejte opresyon.

Mèsi paske’w fè nou konfyans pou sipòte bagay ki gen plis vale pou a – ki se sante w.

Nou pwomèt pou’n kontinye grandi.

LAVI MOUN NWA GEN VALÈ, OU GEN VALÈ.

– Pwogram Sante Mobil nan Maine